ZANMI M YO, NOU TOUT KI SWAF VIN BWÈ DLO SENTESPRI A
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Pou nou ka fè yon ti rezime pou bagay la vin pi klè pou nou: Bondye Papa te manifeste nan Ansyen Testaman, apre sa, li te voye sèl Pitit li nan lachè a afenke nan travay redanmsyon an, li te ka delivre tout moun ki mete konfyans yo nan li. Apre sa, Jezi resisite, moute nan syèl la pou l chita bò kote Bondye Papa. Lè sa a, li te pwomèt pa kite disip li yo pou kont yo, epi li te voye Sentespri a ki se Twazyèm Moun nan Trinite Bondye a pou l ka viv andan moun ki te resevwa batèm nan Sentespri a pou yo ka byen mennen lavi yo nan tout aspè. Kounye a la, ou ka konprann jan nou gen nesesite resevwa l nan lavi nou. Kidonk, si yon moun vle resevwa li, li bezwen swaf bwè nan dlo sa:
Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! Poukisa n’ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n’ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m’ap di nou la a, n’a manje sa ki bon. N’a pran plezi nou nan manje bon kalite manje. Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m’ap di nou, n’a jwenn lavi. M’ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M’a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo. Ezayi 55:1-3
Donk, rezilta nan lavi moun ki te gentan resevwa batèm nan se li reflete limyè Bondye a tout kote li ale.
ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A KOTE NOU PRAL APRANN PLIS…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris