thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

ZAM DYAB KI PI DANJERE A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Dyab la itilize plizyè kalite zam pou kraze lezòm nan batay espirityèl la. Sepandan, pami yo gen youn ki ka fè anpil dega nan limanitè a, li rele dout. Kote dout antre, lafwa pa ka rete ladan li paske youn opoze ak lòt la. Dyab la pat touche Adam ak Èv fizikman, ni menm nan wa Sayil pou li swiside, li pat fè li nan moman wa David fè adiltè oswa lè Jida te trayi Senyè Jezi, apre sa li te pan tèt li. Tout bagay sa yo te komanse ak sijesyon dyabolik oswa lide li yo ki antre nan tèt yo, piske yo pat veye, dout te antre epi sa ki reste se sèl yo soufri konsekans. Li pat janm abandone zam sa a, sa vle di, se avè l, li ranmase anpil nanm pou al viv bò kote li. Ann analize sa nan meditasyon pou lajounen jodi a.

Men, se pou li mande ak konfyans, san l’ pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l’ap resevwa anyen nan men Seyè a.

Jak 1:6-7

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo