Yon pitit fèt pou l' respekte papa l'. Yon domestik fèt pou l' gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m'?
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 6 Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l’. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l’ respekte papa l’. Yon domestik fèt pou l’ gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m’? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la? » (Malachi 1:6)
« 2 Si nou pa koute sa m’ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m’ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k’ap pale konsa wi. M’ap madichonnen tout bon bagay k’ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen. 3 Mwen pral touye pitit nou yo. Mwen pral voye salte, tripay bèt nou ofri yo nan figi nou. Lèfini, m’ap voye nou jete ansanm ak yo. » (Malachi 2:2-3)
« 5 Koulye a, sa pou m’ fè la a? Se Seyè a menm k’ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k’ap kraze yo a ap pale fò, y’ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y’ap trennen non m’ nan labou. » (Ezayi 52:5)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris