thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

YON PAKÈT ZOSMAN SÈCH

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Bondye mennen pwofèt Ezekyèl ale nan mitan yon fon ki te genyen zosman sèch literalman.

Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m’, li mennen m’ nan yon fon ki te plen zosman. Li fè m’ pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt. Li di m’ konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen! Ezekyèl 37:1-3

Men nan vizyon espirityèl la, sa Bondye te vle montre nou se ke fon zosman sa a se mond lan kote gen anpil moun ki viv san lavi, san lespri kòm si fizikman yo vivan, men espirityèlman yo gentan mouri. Se pou rezon sa a, Bondye te bay yon bèl leson pou moun ki tankou zosman sèch sa yo, nan lòt sans, moun ki dezespere, san yo pa konnen ki sa pou yo fè nan lavi a, moun ki totalman pèdi, yo ka genyen espwa pou resevwa yon kò ki reprezante benediksyon materyèl, anplis de sa, yo ka resevwa lavi ki se Lespri ki vini atravè Lespri Bondye a epi pou moun ki sèvi Bondye, li anseye nou ke Bondye konte sou chak sèvite li pou li ka bay lavi pou moun ki viv tankou zosman sèch kap espere sèlman yo foure yon tou pou mete yo ladan li.

Ann gade videyo pou nou gen plis lide sou sijè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo