thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

YO ENVITE ANPIL MOUN; MEN SE DE TWA ASE Y'A CHWAZI

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nan jounen jodia nou wè anpil moun ki te ofri tèt yo pou sèvi Bondye, gen kèk nan yo ki te rejwi nan mirak, benediksyon, Bondye te fè mirak nan lavi lòt moun atravè lavi yo, etc. Sepandan, yo toudenkou vire do bay Bondye epi yo abandone travay Senyè a, poukisa? An reyalite, yo te pami moun ki sove a, yo te pami moun ki fè anpil pou Bondye, men yo pat fèt yon dezyèm fwa, yo pat soti nan Lespri Bondye a, yo pat gen nouvo nesans, paske moun ki soti nan Bondye, yo pa janm vire do bay Senyè a, yo pa rete nan mitan chemen an, yo va kenbe fèm jiska sa kaba tankou nou ka analize nan vesè sa yo:

Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w’a mouri. Men, w’a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini! Danyè 12:13

Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove. Mak 13:!3

Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. Matye 10:22

Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre. Matye 24:13

Fòk ou sonde tèt ou byen pou ou ka wè si ou fè esperyans fèt de nouvo, si ou pat fè li, se pou ou goumen tankou Jakòb pou ou chanje andan ou nèt, paske se sèlman konsa ou va gen kondisyon pou ou kenbe jiska sa kaba.

Gade videyo ki anlè a pou nou antre pi fon nan sijè sa…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo