Wayòm ki nan syèl la se pou moun ki kwè; epi moun ki kwè, resevwa Sentespri a!...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Jan 12:24
« 24 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l’ mouri. Men tou, si l’ mouri, l’ap bay anpil grenn. »
Matye 3:1-2:
« 1 Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t’ap mache bay mesaj sa a.
2 Li t’ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l’. »
Matye 4:16-17:
« 16 pèp ki t’ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t’ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.
17 Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t’ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris