thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

WAYÒM BONDYE A AK LAJISTIS

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Tout moun sou latè yo fèt avèk sans lajistis. Si yo pa vle chwazi fè sa ki dwat la se yon lòt kesyon. Bondye te ban nou bon sans sa afenke nou kapab fè bon chwa pou nou byen viv sou latè. Men, malerezman, majorite moun chwazi fè pou lòt moun sa yo pa vle lòt yo fè l, se pou rezon sa, mond lan ap peri, epi pou m kite bagay la byen klè, pa twonpe tèt tou, paske li pap chanje, sa vle di, lap vini pi mal chak jou. Solisyon nou genyen an se nou chache viv jan Bondye vle pou nou viv la ki se mache dwat ak viv dapre prensip lajistis Bondye. Se sa kap fè nou chape anba kondanasyon lanfè.

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l’ la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. Matye 6:33

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo