VOLONTE KÈ YO
Wa Salomon te chache pou tout lavi li konble tout vid andan nanm li an nan fè tout volonte ki nan kè li, sa se rezon poukisa li te santi li fristre tankou anpil moun ki pa chache nan pawòl Bondye Tre Wo a ki se sèl ki kapab ranpli lavi nou atravè Sentespri a.
Tèlman mwen t’ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m’ nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m’: Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l’ap pase sou tè a. Eklezyas 2:3
Li te lage tèt li nan chache plezi lachè yo pou li te ka pou ranpli yon kote ke pèsonn pat kapab avèk bagay materyèl.
Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k’ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen. Eklezyas 2:8
Nan vesè ki anlè a, li te chache vin pi rich, men richès pat itil anyen pou rezoud pwoblèm nan nanm nan.
Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. Eklezyas 2:10
Nan pati sa a, li te satisfè tout volonte ki nan kè li yo epi kè li te twonpe li nèt.
Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m’ te fè ak men m’, sou tout traka mwen te bay kò m’ pou m’ te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t’ vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni. Eklezyas 2:11
Anfen, li te resi dekouvri ke tout bagay nan mond lan se vanite de vanite, sa vle di, pa gen okenn pwofi nan sa ki sou latè, nan kesyon lavi ki pap jan fini an. Nan lòt mo, li pat fè tankou David, papa li a, ki te konsidere prezans Bondye Tre Wo a pi enpòtan pase ajan, lò oswa wayòm kote li te wa a.
Pa voye m’ jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. Sove m’. Fè kè m’ kontan ankò. Ban m’ bon lide ki pou fè m’ toujou obeyisan. Som 51:11-12
Lè li te fè sa ki mal, David pat okipe pèdi stati, sa vle di, pozisyon li te genyen devan pèp la, men li okipe pa pèdi onksyon Sentespri a ki sou li, sa se rezon poukisa yo te konsidere li yon moun ki te gen kè a dapre volonte Bondye.
Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m’ plezi. Li va fè tou sa m’ vle l’ fè. Travay 13:22
Moral nan istwa sa a, nou pa jwenn delivrans Bondye a nan byen, nan privilèj ou genyen nan sosyete a, si ou popilè oswa pa, si ou gen yon gwo sòm lajan nan kont bank lan, men ou ka jwenn Delivrans lan lè ou rekonèt ke Senyè Jezi a se sèl moun ki kapab sove moun ki pèdi yo, lè nou rekonèt ke nou pa anyen epi nou imilite tèt nou nan obeyisans ak pawòl Bondye a.
Bondye beni nou tout
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris