Veye kò nou, veye kò nou epitou veye kò nou!...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 1 Koulye a, frè m’ yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m’ anyen pou m’ repete sa m’ te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou. 2 Veye kò nou ak moun k’ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou. 3 Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n’ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n’ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè. » (Filipyen 3:1-3)
« 24 Nou menm k’ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal! 25 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye. 26 Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou. » (Matye 23:24-26)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris