Veye kò nou ak moun k'ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Yon avètisman bay tout moun ki resevwa batèm avèk Sentespri a. Demen n’ap kontinye ak sijè sa a
« 1 Koulye a, frè m’ yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m’ anyen pou m’ repete sa m’ te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou. 2 Veye kò nou ak moun k’ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou. » (Filipyen 3:1-2)
« 5 Koulye a, sa pou m’ fè la a? Se Seyè a menm k’ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k’ap kraze yo a ap pale fò, y’ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y’ap trennen non m’ nan labou. » (Ezayi 52:5)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris