thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

VE SE YON ANGAJMAN KI EGZIJE NOU KENBE PAWÒL

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Menm si ou pa gen anyen materyèl pou angaje yon ve devan Bondye, ou gen sa ki pi presye ki se pawòl ki soti nan bouch ou. Malgre li pèdi valè nan jounen jodia, paske moun konn di yon bagay epi yo fè lòt, sa ki fè nou kwè, pa gen laverite oswa senserite nan moun ki aji konsa. Sepandan, devan Bondye pa gen bak, si ou di yon bagay se li ki valab devan Senyè a epi li pap janm bliye. Menm si ou pa gen anyen, li va ba ou kondisyon pou ou akonpli sa ou te di devan li. Sa ki pa kapab rive ou se ou di yon bagay, Bondye ba ou kondisyon pou ou reyalize sa ou di a epi ou fè yon bagay diferan ak sa ou te pwomèt la. Bondye pa asepte sa. Se poutèt sa, pa prese fè yon ve devan Senyè a. Antouka, si ou fè li, se pou ou fè nan chak detay sa ou di ou tapral fè a.

Kisa m’a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo? M’a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m’. M’a rele l’ pou m’ di l’ mèsi. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m’a fè sa m’ te pwomèt li a. Sòm 116:12-14

Ann aprann plis nan videyo a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo