thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

TWONPE PWÒP TÈT YO

"Pa gen mo pou m ka eskize sa m te fè..."

Imagem de capa - TWONPE PWÒP TÈT YO

« Pa gen mo pou m ka eskize sa m te fè » se yon fraz pi komen nan jounen jodia. Sa sanble ki soti nan yon moun ki repanti epi kòm si li pran pòz yon moun imilite ki chwazi pa bay anpil esplikasyon, malgre sa li te fè a se yon fòt terib. Men, kisa ki pa bon ki kache deyè fraz sa a?

Tout moun konnen ke lè nou pale, nou fè soti nan bouch nou, sa ki andan tèt nou, menm nan moman nou pale betiz, pawòl sa yo soti nan kè nou, poutan, pa gen mo ki soti nan bouch nou pa aza. Se poutèt sa, Senyè Jezi a di:

Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l’ nan kondisyon pou l’ pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l’ nan kondisyon sa a. Matye 15:11

Sa ki soti nan bouch moun ki ka kontamine li oswa se sa ki mete l nan kondisyon pou pa ka sèvi Bondye paske kè a se yon bagay nou pa ka fè li konfyans ditou. Nou pa ka imajine, jan kè a kapab fè dega nan lavi nou atravè pawòl li fè soti nan bouch nou.

Lè yon moun komèt yon fòt epi li pa vle « eskize » oswa jistifye tèt li, gen kèk fwa yo konn itilize jiska vesè biblik kote ke, an reyalite, li pa vle devwale laverite sou sa ki andan tèt li reyèlman. Yon bagay se ou vle jistifye oswa bay esplikasyon nan sa ki pa merite a, yon lòt bagay se ou vle jistifye lè ou enjis nan kèk sitiyasyon…

Pa egzanp, lè yon moun trayi lòt moun. Moun ki te sofri trayizon vle vreman konnen sa ki andan tèt moun ki te trayi l la. Men, moun ki te trayi a komanse pale anpil esplikasyon tankou « sa se fòt mwen », « lachè a fèb », « sa ki te rive nou, rive nou, kounye a la se sèl nou bliye tout bagay ak gade devan », « tout moun komèt kèk erè », sepandan, sa moun nan pa konnen se ke lap bay okazyon pou l tonbe nan peche ankò, paske li pa veritab, anfen, yo panse « se lavi »…

Lè yon moun repanti tout bon vre, li rekonèt kote li tonbe a. Pa egzanp, moun ki te trayi a tapral fè tankou Wa David: « mwen manke nan karaktè mwen », « m pa merite dezyèm chans, m pare pou peye pou konsekans yo », li dispoze peye pri pou reprann chemen dwat la ankò, epi li va kenbe ak tout fòs, si li resevwa kèk ti chans pou l pran yon chemen diferan.

Men, kiyès ki vle asime konsekans sou sa yo fè ki mal? An jeneral, moun yo prefere pran pòz ke tout bagay ap mache byen, sa vle di yo minimize tout bagay, kòm si sa yo te fè se te sèlman « yon ti bagay yo te fè san yo pa vle fè » epi konsa, yo prale lwen nan yon chemen ki va fè yo pase wont ankò e ankò, jiska yo tounen vini yon moun frekan ak san wont.