thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

TRIBILASYON

Imagem de capa - TRIBILASYON

Kretyen nan epòk Anpi Women an, akòz yo pa asepte nye Senyè Jezi a, te fè yo tòtire yo konsa:

 

 

Orijin pawòl tribilasyon soti nan lang Laten « tribulatio.onis » epi nou ka ba ou sinonim pawòl sa: Matirize, tòtire, lafliksyon, agwas, touman ak doulè.

Tribilasyon se te yon fason yo te konn tòtire nan tan « Mwayen Âge », yo te mete moun kouche atè epi yo te mete chay lou sou vant moun sa youn apre lót jiska li pat gen kondisyon pou respire epi kraze li anba chay la.

Kretyen nan epòk Anpi Women an te travèse tout bagay sa yo paske yo pat asepte idolatri ki tap domine nan tan sa. Sa vle di yo te gen de opsyon: Nye lafwa a epi yo ta soti lib nan tribilasyon an oswa asime lafwa a epi yo mouri anba chay la.

Apòt Pòl ekri pou moun te viv nan lavil Korent sou sijè a epi li te rele li kòm ti soufrans ki la pou pase:

« Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m’ ap bese chak jou, lespri m’ ap vin pi fèm chak jou tou. Sa m’ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k’ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p’ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan. » 2 Korent 4:16-18

Soufrans sa yo pat tanporè ak pa lejè. Yo te konstan epi te lakòz lanmò plizyè moun. Sepandan, se konsa moun ki fèt de nouvo te wè tribilasyon sa yo, tankou yon bagay tanporè ak lejè, anfen, fòs ki te nan yo, ki se bagay ki soti nan Sentespri a se pi gwo pase sa ki tap kraze yo.

Pandan tribilasyon yo tap fè yo soufri anpil nan lachè a, te ba yo feblès fizik, moun yo te ye a andan tap fè kè yo kontan paske yo te gen konsyans sou sa ki tap espere pou yo nan lavi etenél. Se pou rezon sa, yo pat nye lafwa yo jiska lanmò a paske yon sèl fason pou yo chape se nye lafwa a, e pou yon moun ki fèt nan Lespri, sa se yon bagay ENPOSIB!

Moun ki fèt de nouvo konnen sa kap espere pou yo apre lanmò a. Chay tribilasyon yo ap pwodwi nan lavi yo ap ba yo yon bagay ki la pou tout tan.

« Sa m’ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k’ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. » vs 17

Èske ou te gentan poze kesyon sa nan tèt ou: Poukisa Senye a pat fè anyen pou retire yo anba sitiyasyon sa? Paske fè yo chape se kòm retire kwa Jezi te pote a. Èske kounye a la ou konprann? nan lòt sans, san kwa a, pat gen sakrifis, san sakrifis pap genyen Delivrans.

« Paske, mwen p’ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan. vs 18

Moun ki fè yon dezyèm fwa pa okipe sou tribilasyon, pèsèkisyon ak lafliksyon yo paske li byen konnen ki sa kap espere pou li nan lòt bò a. Sa se yon bagay pwofon pou yon moun natirèl konprann. Sanble yon bagay fou pou yo!

Diferans ant yon vre kretyen ak sa ki fo yo, nou ka wè nan moman tribilasyon yo. Moun ki fèt nan lachè a toujou nye ak abandone lafwa a.

Se nan moman tribilasyon yo nou konnen kiyès nou ye vreman. Menm jan nan pase epi sa pral pou tou tan jiska retou Senyè a.

SE poutèt sa, nou fè yon gwo efò pou tout moun resevwa Batèm nan Sentespri a, paske se sèl li menm ki ka ban nou sipò nan moman tribilasyon yo.

Tribilasyon yo ap montre ou si vreman ou fèt de nouvo oswa si ou fèt sèl nan lachè a.