thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

TOUT SA OU GENYEN POU TOUT SA BONDYE GENYEN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nan lavi avèk Jezi, nou dwe travèse chak etap. Premyeman, fòk moun nan asepte Jezi kòm Sove a, apre sa, li dwe batize nan dlo a ki se yon bagay tèlmam enpòtan tankou pwochèn etap ki se batèm nan Sentespri a. Men yon ti esplikasyon apòt Pòl te ban nou sou vre siyfikasyon sou sa ki batèm nan dlo a:

Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l’, nou te mouri ansanm avè l’ tou. Men, menm jan Papa a te fè l’ leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n’a fè yonn avè li, paske n’a leve soti vivan nan lanmò tankou l’ tou. Women 6:4-5

Men yon lòt vesè pou kite bagay la pi klè:

 Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l’ tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l’ leve soti vivan nan lanmò. Kolosyen 2:12

Konsa, si ou bay vag nan kèk etap, se pou ou fè li oswa refè li si ou mal fè youn nan yo. Sa se pou pwòp byen ou.

KLIKE SOU VIDEYO KI ANLÈ A POU APRANN PLIS OSIJÈ SA…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo