Tout moun konprann ou vivan, men ou mouri... Moun ki konnen sa ki nan lide kris la, bay padon...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 14 Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. 15 Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padonnen peche nou yo non plis. » (Matye 6:14-15)
« 1 Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l’ konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w’ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri. » (Revelasyon 3:1)
« 16 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k’ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l’ sa pou l’ fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la. » (I Korentyen 2:16)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris