thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

TOUT MOUN KI RAYI FRÈ YO, SE ASASEN YO YE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Sa Bondye plis renmen se wè yon moun ki gen kè sensè, sansib ak imilite devan li. Se sa li te jwenn nan David, malgre peche li te fè a te lèd anpil. Men si gen yon bagay Bondye rayi rele ipokrizi. David te jwenn padon nan men Bondye paske li pa kite ipokrizi ki se ou pran pòz yon bagay tandiske ou se yon lòt, domine li. Kounye a, depi li regle zafè sou sa li fè, li tap garanti ke li tap kontinye nan kominyon ak Bondye ki se te yon bagay pi enpòtan pou li.

Sove m’. Fè kè m’ kontan ankò. Ban m’ bon lide ki pou fè m’ toujou obeyisan. Lè sa a, m’a moutre moun k’ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou. Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k’ap sove lavi m’. N’a fè konnen jan ou gen bon kè. Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m’ ka fè lwanj ou. Sòm 51:12-15

Li te aji konsa nan peryòd ki rele Ansyen Testaman an epi sa atire atansyon Bondye sou li. Jodi a ke nou viv nan tan yo rele Tan Lagras Bondye a fòk nou fè plis sakrifis paske si nou pa sensè, Bondye konnen tout bagay:

Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p’ap janm fini an nan li. 1 Jan 3:15

Sa vle di ke pa itil ou pale yon bagay tandiske ou gen yon lòt nan kè. Ou ka kache kèlkeswa bagay pou lezòm, men ou pa fè sa pou Bondye. Se pou rezon sa a, tout sa nou gen pou nou fè, fòk nou fè avèk tout lafwa nou san nou pa mache woule debò.

Men, moun ki gen doutans sou sa l’ap manje a, Bondye kondannen l’ lè l’ manje l’, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche. Women 14:23

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU NOU KA APRANN PLIS…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo