TOUT KREYASYON AN AP SOUFRI. SA KI FÈ DIFERANS LAN SE KONFYANS, LESPWA AK RENMEN...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Romen 8:22-23:
« 22 Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l’ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.
23 Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado Bondye fè nou, n’ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n’ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo. »
Jan 3:19-21:
« 19 Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y’ap fè a mal.
20 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p’ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.
21 Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l’ap obeyi Bondye nan sa l’ap fè a. »
I Korentyen 13:13:
« 13 Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran. »
Medite nan Levanjil Lik 16:19-31
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris