TERITWA KONDANASYON X TERITWA DELIVRANS ETENÈL
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k’ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w’ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w’ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p’ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p’ap ka soumèt menm. Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi. Pou nou menm, nou p’ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
Rom 8:5-9
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris