thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

TANSÈLMAN FÈ PATI PA W…

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Sispann gade lavi lòt moun yo, piga ou anvye sa kap pase nan lavi yo. Tout bagay materyèl gen yon tan limit sou latè epi nou wè plizyè moun bay san yo nan kouri deyè bagay kap peri, lè sa a, yo konn inyore sa ki pi enpòtan, yo gen yon nanm ki la pou lontan. Kidonk, yo va depoze li nan syèl la oswa nan lanfè, sa depann de kijan ou te mennen bak ou sou latè. Se pou rezon sa a, aprann nan sa Bondye te di Jozye:

Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m’ap bay zansèt yo a. Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m’ lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase. Jozye 1:6-7

Sa se sèl fason, pou ou resevwa Batèm nan Sentespri a, pou ou kanpe nan moman dife a epi pou ou rive nan peyi kote Bondye Wa a. Si nou ale preske nan lafen, tout sa nou te fè a pat itil anyen. Nou bezwen ale jiska lafen kote Senyè Jezi a ap espere pou nou viv ansanm avèk li. Medite nan vesè ki anlè a, li se sekrè pou ou konsève nanm ou pou lavi ki pap janm fini an.

Gade videyo ki anlè a, li gen plis enfòmasyon pou ou reyalize tout bagay sa yo…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo