thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SYÈL LA OSWA LANFÈ A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

ANLÈ A OU KA WÈ DEKLARASYON YON ATIS KOTE LI DI LANFÈ A PI BON PASE SYÈL LA. ANN LI MEDITASYON KI ANBA PA RAPÒ AK SA OU TE WÈ ANLÈ A

Moun yo bay anpil valè ak sa ki tanporè, kidonk yo meprize sa ki etenèl, sa vle di, sa ki pap jan fini an. Men, se pa sa Senyè Jezi a di sou 2 kote as yo:

Pandan l’ te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l’ byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l’ mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m’ap soufri nan flanm sa a.

Lik 16:23-24

Moun ki sove yo ap resevwa yon kò nèf, responsabilite, yon kote pou yo viv, rekonpans, rad, manje, yon non nèf e yo pral pitit.

Se li menm k’ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l’ lan, l’ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l’ fè yo tounen tankou kò pa l’ la ki gen bèl pouvwa.

Filipyen 3:21

p’ap gen anyen nan lavil la k’ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li.

Apokalips 22:3

Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t’ vre, mwen pa ta di nou sa.

Jan 14:2

Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.

Matye 6:20

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p’ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M’ap rekonèt yo pou moun pa m’ devan Papa mwen ak devan zanj li yo.

Apokalips 3:5

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m’a ba yo laman ki kache a. M’ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l’ la.

Apokalips 2:17

Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m’. M’a va Bondye yo, y’a va pitit mwen.

Apokalips 21:7

 

Moun yo ap travay pou manje, abiye, viv alèz, nan efò pou transfòme kò a, yo fè chiriji Plastik, etc. Sepandan, tout sa yo konkèt nan mond lan ap pase, ap fini.

Nou se pa sèl yon kò, men nou se yon nanm ki itilize yon kò. Tout nesesite nou genyen bò isi a ap satisfè nan syèl la.

Peyi kote Bondye Wa a pa pral yon kote annuiyan tankou anpil moun san disènman panse, nan lòt sans, yon kote san yon travay pou nou fè, li pral egzakteman okontrè a tout bagay sa yo.

 Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n’ap viv ansanm ak Seyè a, nou se prèv se apòt mwen ye.

1 Korent 9:2

Poutan, Dyab la gen yon estratèji ki se fè moun yo panse ke syèl la pral yon kote fatigan ak annuiyan kote moun ki sove ak zanj yo ap jwe entriman mizikal ak vole pasi pala, yon kote ki genyen sèlman nyaj. Nan lòt bò a, gen moun ki panse lanfè a pral yon kote yo ap ka amize, distrè tankou nan yon bal, avèk plizyè plezi lachè, mizi bweson ak fèt.

Se konsa Dyab la ap travay, li ap twonpe plizyè moun epi li fè yo alèz nan lerè yo paske nan lafen lè yo wè reyalite a, bagay la twò ta.

Kale je ou, ou gen chans bò isi a, nan lòt bò a, ou pap ka tounen nan chwa ou te fè isi a…