Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 5 Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n’ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye. » (II Korentyen 13:5)
« 1 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l’ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l’: – Nou pa bezwen pè anyen! M’ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. 2 Lè n’ap pase sou lanmè, m’ap kanpe la avèk nou. Lè n’ap janbe gwo dlo, dlo a p’ap bwote nou ale. Lè n’ap mache nan mitan dife, dife p’ap boule nou. Flanm dife a p’ap fè nou anyen. 3 Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k’ap delivre nou! Pou m’ te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou. » (Ezayi 43:1-3)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris