Si yon moun swaf konnen M' epitou konprann Mwen, li mèt vin jwenn, li mèt vin bwè...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 37 Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. 38 Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y’ap wè gwo kouran dlo k’ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. » (Jan 7:37-38)
« 23 Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich. 24 Men si yon moun vle fè grandizè, l’a fè grandizè dèske li konnen m’, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m’ plezi. Se mwen Seyè a ki di sa. » (Jeremi 9:23-24)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris