Si yon moun batize nan dlo san repanti anvan, li pa ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Mak 1:4
« 4 Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t’ap batize, li t’ap mache bay mesaj sa a: – Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo. »
Romen 6:3-6
« 3 Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n’ te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l’ nan lanmò li.
4 Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l’, nou te mouri ansanm avè l’ tou. Men, menm jan Papa a te fè l’ leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
5 Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n’a fè yonn avè li, paske n’a leve soti vivan nan lanmò tankou l’ tou.
6 Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris