Si ou zanmi BonDye, se lènmi mond lan ou ye; si ou zanmi mond lan, se lènmi BonDye ou ye...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Jak 4:4: « 4 Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye. » I Jan 2:15-17: « 15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. 16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k’ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. 17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l’ yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan. » Filipyen 2:12-13: « 12 Se konsa, zanmi m’ yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m’ te la avèk nou. Koulye a m’ pa la ankò, se lè sa a pou n’ pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li. 13 Paske, se Bondye menm k’ap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l’ plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l’ vre. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris