Si ou bay, ou ka resevwa... Paske mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 35 Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n’a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n’a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan. 36 Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. 37 Pa jije moun, konsa Bondye p’ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p’ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. 38 Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l’, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou. » (Lik 6:35-38)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris