thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SEVITÈ BONDYE YO MACHE DWAT DEVAN LI

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Gen kèk fwa akòz sa kap pase nan lemonn nan jounen jodia, gen moun ki poze kesyon konsa, poukisa gen anpil moun kap mache dwat devan Bondye mouri ansanm ak moun ki mechan yo? Nou konnen ke lè nou pèdi yon  moun nou renmen anpil se yon bagay tris anpil, prensipalman si moun sa tap mache dwat devan Bondye. Men, depi ou konnen ki bò yo va depoze nanm yo, sa fè kè moun ki sèvi Bondye tout bon kontan anpil. Anplis de sa, sa bon nou konnen ke gen kèk fwa Bondye pran moun ki pou li yo anvan, pou yo pa pase kèk bagay sou latè oswa pou yo pa kouri risk danje pèdi sa ki pi rich yo resevwa sou latè a, Delivrans lan. Gade ti meditasyon nou te fè jodia…

Moun k’ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k’ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k’ap mache dwat yo disparèt.

Ezayi 57:1

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo