thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SEVITÈ BONDYE x SEVITÈ LACHÈ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Gen anpil moun yo di yo sevitè Bondye. An reyalite, sevitè li yo se sèl moun ki fè volonte li yo, sa vle di, moun ki obeyi pawòl li a. Yo se moun ki viv dapre egzijans Lespri Bondye a. Si bagay la se pa konsa, se sevitè mond lan, nan lòt sans,sevitè lachè a yo ye. Ann medite nan sijè sa a…

Bondye te fè sa pou nou pa t’ viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n’ te ka satisfè tout egzijans lalwa a. Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k’ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w’ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w’ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p’ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p’ap ka soumèt menm. Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi. Pou nou menm, nou p’ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.

Women 8:5-9

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo