SENTESPRI A SE YON AVALWA BONDYE TE BAN NOU SOU ERITAJ LI
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Kijan ou fè konnen ke tout sa ki ekri nan pawòl Bondye a ap reyalize? Kouman ou ka konnen apre lavi sou latè gen yon syèl kap espere pou ou? Kijan ou ka konnen tout bagay ou aprann nan legliz la pa twonpe ou oswa se yon gwo istwa pou timoun dòmi?
Kounye a la ou va konprann enpòtans resevwa batèm nan Sentespri a, paske se li menm ki garanti nou ak garantize nou sou verite ki nan pawòl Bondye a menm si se yon bagay ki te gentan pase oswa si se yon bagay pou jou kap vini. Men pou ou resevwa li, fò ou sakrifye tout lavi ou, fò ou mouri pou lemonn sa a e fè Senyè Jezi premye anvan tout bagay nan lavi ou, fè volonte li yo deplase volonte ou yo. Si se konsa ou ap resevwa garanti sa ki pap kite okenn ti espas pou dout antre. Si manke youn ti bagay, ou pap janm fè esperyans sa. Ann analize ansanm sa avè m…
Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k’ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n’ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t’ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l’ yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n’ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.
Efezyen 1:13-14
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris