thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SENTESPRI A: SE YON AVALWA BONDYE BAN NOU

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nou konnen ke pawòl ki fè nou konnen Kris la se pawòl moun fou pou moun ki peri yo, men pou nou ki sove yo se yon pouvwa… Sa se yon bagay moun ki viv dapre prensip mond yo pap janm konprann. Nan ka sa a, yo va konsidere nou fou, moun san tèt, moun egare, etc. Men nou pa bezwen okipe sa, paske Bondye nan bonte ak mizerikòd li ki enfini chwazi nou, se sa ki fè, nou gen pi gwo richès nan mond lan. Ann fè komante sou sa:

Se sak fè, nou menm ki premye moun ki t’ap tann Kris la, n’ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.  Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k’ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n’ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t’ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l’ yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n’ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.

Efezyen 1:12-14

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo