thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SÈLMAN MOUN KI FÈT YON DEZYÈM FWA KAPAB GENYEN BATAY KONT LEMONN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nou gen yon batay kote nou bezwen goumen chak jou: Batay kont lemonn. Pou genyen batay sa moun nan bezwen fèt yon dezyèm fwa, sètadi, fòk li soti nan Bondye oswa fèt nan Lespri Bondye a. Si sa se okontre a, mond lan ap vale moun sa epi li va pèdi premyeman sou latè, apre nan lavi etenèl. Ann fè yon ti pale sou sa pou ou resevwa limyè nan tèt ou sou sijè a.

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a. Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pa t’ vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm.

1 Jan 5:4-6

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo