thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SEKRÈ POU OU RESEVWA VIKTWA

Yon nan pi gwo malè ki tonbe sou limanitè se yo manke lite pou konstri sa yo vle fè a

Imagem de capa - SEKRÈ POU OU RESEVWA VIKTWA

Apre sa, m’a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m’a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.

Jowel 2:28

Gen anpil faktè ki kontribye pou moun manke goumen pou yo bati kèk bagay nan lavi yo. Chak jou gen bagay ki trakase yo epi yo pèdi kapasite pou yo gen vizyon sou avni yo, prensipalman lè yo nouri tèt yo ak move enfòmasyon ak nouvèl ki fè nou pèdi lafwa ak espwa.

Gen rèv se yon bagay natirèl nan lezòm. Sa soti nan Bondye ki fè li tounen sous kreyativite lezòm. Kreyativite se yon bagay ki gen anpil pou l wè ak Bondye paske li se Kreyatè a. Reve se yon bagay enpòtan anpil pou lezòm, li se tèlman enpòtan ke si nou pat gen kapasite pou fè sa, nou ta ka viv tankou wobo.

Pwofèt Jowel te pwofetize pou yon pèp ki alèpok pat gen espwa, yo te pami plizyè kalamite, yo te esklav epi yo tap viv pou siviv nan mitan dezas sa yo. Lè sa a, nan mensaj sa, nou ka jwenn sekrè pou nou resevwa viktwa a, paske sèlman lè yon moun resevwa batèm nan Sentespri a, li kapab atravè lafwa, fè soti desann nan syèl la yon direksyon malgre sitiyasyon difisil n ap viv nan jounen jodia.

Sentespri a se pwòp Bondye andan tèt nou ki kondi nou e ban nou direksyon pou n swiv ak rive kote nou bezwen an. Se li menm ki fè pitit Bondye a ka preche pawòl la, moun ki granmoun yo retounen reve ankò epi li ka fè jennmoun kwè yon ap gen yon avni pwofitab.

Sentespri a se pouvwa Bondye a andan tèt nou ki kapab chanje tout bagay ki antoure nou epi li ka fè egziste sa ki pat la. SE EGZAKTEMAN SA KAP RIVE NAN JOU 4 AVRIL NAN DIMANCH DESIZYON.

Vizyon: Kapasite pou ou byen konprann tout bagay.

Pwofesi: Ou resevwa yon enspirasyon sou sa kap vini