SE TOUTAN PECHE M DEVAN JE M LAN
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Tout moman an, nou wè David rekonesan sou sa li fè ki mal san li pa pran okenn lòt moun kòm responsab pou sa li te fè. Malgre li te gen yon bon kè, li kite santiman ki ladan li yo dirije je li ki fè li tonbe lèd nan peche. Li pat ak kè poze, paske li enposib pou yon moun viv lapè san Bondye pa efase peche li yo. Si nou pa ak kè poze ak Bondye, nou pa janm santi nou byen.
Mwen rekonèt sa m’ fè a pa bon. Se tout tan peche m’ lan devan je m’. Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije. Sòm 51:3-4
Gade sèlman tèt ou ak sa ou fè ki mal, piga ou pwente sa lòt moun fè, ou pa gen anyen pou ou wè ak sa lòt moun fè, se rekonèt fò ou rekonèt sa ki nan kè ou. Sa se sèl fason pou nou jwenn padon nan men Bondye.
Ann gade videyo a pou nou ka aprann plis osijè sa…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris