Se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
I Korentyen 6:16-17
« 16 Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l’ ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò.
17 Men, moun ki mete l’ avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li. »
Jan 17:20-22
« 20 Se pa pou yo sèlman m’ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y’a tande mesaj la.
21 M’ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.
22 Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m’ tou: »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris