SE POU NOU REPANTI...
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Nou konnen bib la anseye nou ki genyen yon sèl batèm ki se yon moman, apre moun nan rekonèt ak repanti sou vye lavi oswa vye lanati lachè, konsa, moun sa asepte antere lanati sa nan dlo batèm nan. Lè li fè sa, anmenmtan li antere vye moun li te ye a, li leve kanpe yon moun nèf nan Senyè a, yon moun pare pou antre nan peyi kote Bondye Wa a. Antouka, si li te pase sèl pwosesis fizik la, nan lót sans, yo te neye li nan dlo a, sepandan, vye lanati moun sa pat mouri, sètadi, li kontinye nan menm vye lavi li te ye anvan, sa vle di ke li antre yon moun « sèch » nan dlo a epi li soti yon moun « mouye ». An reyalite, li pat batize, li pat ka konsidere li te resevwa batèm, li sèlman benyen nan dlo batèm nan. Ann medite sou doktrin sa ki se sitèlman enpòtan kou Batèm nan Sentespri a.
Li t’ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.
Mak 1:15
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris