SE PA PASKE SENYÈ A MANKE FÒS KI FÈ LI PA DELIVRE NOU, MEN...
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Moun ki plis enterese nan reponn ak beni nou an se pwòp Senyè a. Sepandan, poukisa gen anpil moun ki priye, yo di yo kanpe nan lapriyè, men nou pa wè anyen reyalize nan lavi yo? Poukisa nou ka wè anpil kretyen ki jiska dekouraje epi gen kèk lòt ki manke bon sans epi yo al nan kay bòkò, sa vle di, yo mache woule debò, vire do bay Bondye paske yo panse nan men Dyab la repons vini pi rapid? Ann pale sou sa nan videyo a…
Non! Se pa paske Seyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n’ap lapriyè nan pye l’. Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l’ vire figi l’ pou l’ pa tande nou.
Ezayi 59:1-2
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris