thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SE OBEYISANS AK PAWÒL BONDYE A KI GARANTI KÈ NOU KONTAN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Bondye pa enterese nan relijyon oswa si ou merite oswa pa. Li enterese nan sa: Si ou ap obeyi pawòl li a oswa pa. Paske lafwa se ou gen konviksyon sou sa ki nan pawòl Bondye a epi ou aplike li nan lavi ou. Pa konsekans, ou va rekolte sa obeyisans donnen:

Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè. Wi, si nou koute Seyè a, Bondye nou an, men benediksyon l’ap vide sou nou. Detewonòm 28:1-2

Nan lòt bò a, si ou deside fè sa ou vle, nan lòt mo, ou deside dezobeyi sa ki nan pawòl Bondye a, paske Bondye pa janm enpoze sou ou volonte li, se ou menm ki dwe deside si ou asepte li oswa pa, konsa, si ou pran desizyon pou ou fè diferan ak sa ki nan pawòl la, ou va rekolte madichon, epi se ou menm ki responsab pou sa:

Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l’ap ban nou epi k’ap tonbe sou nou. Detewonòm 28:15

Donk, sa se rezon pou kisa nou wè plizyè kretyen ki eche nan lavi a, ou pa jwenn repons nan lapriyè yo, yo viv yon lavi fristre, yo tris andan legliz, malgre yo preche, chante ak fè travay Bondye, yo mache nan legliz, yo gen gwo konesans biblik. Pandan yo pa abandone lavi ki bay manti, sa vle di, nan legliz yon pran pòz yon bagay epi deyò legliz yo fè yon lòt, yo pa wè volonte Bondye reyalize nan lavi yo.

PA PASE SAN OU PA WÈ VIDEYO KI ANLÈ A POU OU APRANN PLIS…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo