Se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Romen 10:17: « Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y’ap anonse. »
Jan 8:31-32: « 31 Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. 32 N’a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou. »
Jan 8:37-38: « 37 Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n’ap chache touye m’ paske nou pa asepte sa m’ap moutre nou. 38 M’ap di nou sa Papa m’ moutre mwen. Men nou menm, n’ap fè sa papa pa nou di nou fè. »
Jan 8:44: « 44 Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l’ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l’ louvri bouch li, se manti l’ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris