thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SAKRIFIS KI FÈ BONDYE CHWAZI NOU

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Se sakrifis nou fè chak jou pou nou mache dwat devan Bondye ki fè nou jwenn lajistis Bondye a epi li vire je gade nou ak chwazi nou. Bondye chwazi nou ak beni nou lè nou genyen tandans ak entansyon pou fè sa ki anakò ak prensip pawòl li a. Sa pa gen anyen pou wè ak osò oswa chans, men se desizyon pou fè sa kap fè Bondye plezi. Se pa pa aza Bondye te chwazi Abèl, men sa soti nan desizyon li te pran nan fè sa ki pi bon pou Bondye, nan lòt bò a, Kayen te gen menm opòtinite men li pa fè menm jan ak frè li:

Se paske Abèl te gen konfyans nan Bondye kifè li te ofri bay Bondye yon ofrann bèt ki pi bon pase pa Kayen an. Paske li te gen konfyans, Bondye asepte l’ pou yon moun ki dwat. Se konsa Bondye te asepte kado li te fè l’ la. Se paske li te gen konfyans sa a kifè Abèl ap pale toujou jouk koulye a, atout li mouri. Ebre 11:4

Ou pral soti byen nan tout bagay si ou kite konte ak chans epi ou komanse konte ak lafwa entelijan. Lafwa ki fè ou obeyi ak mete pawòl Bondye a an aplikasyon. Se sa ki va fè li fè ou gras:

Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Women 5:1

Ann aprann plis sou sijè a nan videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo