Sa se solisyon bay moun ki ak kè sere: Resevwa Lespri BonDye a
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Medite ak rezònman paw sou tout konsèy Jezi nan Levanjil Matye 6. Jan 16:13: « Men, li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p’ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. » Mat 6:25: « Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? » Mat 6:28: « Poukisa pou n’ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad. » Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? Lik 9:24: « Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen, la sove li. » Mat 16:25-26: « Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen, li va jwenn li ankò. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi? »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris