thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SA SE POU MOUN KI KWÈ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Jezi te bay lòd pou disip li yo konsa « Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun », li pa eskli pèsonn nan lòd sa. Nan lòt sans, pawòl levanjil la se pou tout moun: omoseksyèl, dwogè, bandi, moun ki malad, moun voudourizan, bouzen, masisi, malfektè, grannèg, moun debyen, moun ki rich oswa pòv, moun ki bouke, moun ki anba chay, etc.

Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l’ sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze. Matye 11:28-29

Li ban nou lòd pou di sa pou tout moun. Sepandan se moun ki kwè, obeyi ak mete pawòl sa a an aplikasyon ki gen dwa resevwa pwomès Bondye nan lavi yo. Si moun ki tande pawòl sa a epi yo kwè ak mete an aplikasyon tout sa ki ladan li yo, SE KONSA YO AP VINI JWENN SENYÈ JEZI A EPI LI VA SOU LAJE YO.

Ann gade ti koze sa a nan videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo