thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SA SE EPRÈV OSWA JOU RÈGLEMAN KONT?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nan tan lontan, pèp Izrayèl la te neye nan peche lwen Bondye. Se sa ki fè, gwo kalamite tonbe nan peyi a, lènmi yo te frape ak kraze yo nèt, grangou, depòtasyon, lanmò, etc. Epi nan mitan yo te gen moun ki tap mache dwat ki te soufri menm konsekans pèp ki tap viv nan peche. Se sa gwo kèsyon pwofèt Abakik la te leve Bondye, poukisa yo te nan menm sak ak moun mechan. Repons li te resevwa nan men Bondye fè nou sezi. Ann analize sa nan meditasyon pou jodi a.

Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p’ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye. Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pèp yo anba ponyèt yo.

Abakik 2:4-5

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo