thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SA POU NOU APRANN AVÈK WA PEYI IZRAYÈL AK JIDA YO…

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nan liv 1,2 Wa, 1,2  Kwonik (Istwa) nou ka retire anpil leson pou lavi nou paske nan yo nou ka wè ke majorite wa te soti mal tandiske kèk ti kras soti byen epi rezon ki te fè yo soti byen oswa sa ki fè yo soti mal. Kidonk, chak leson nan sa kapab ban nou konpreyansyon ke nou chak se kòm yon wa oswa larèn pou pwòp lavi nou. Se nou chak ki komande lavi nou, malgre anpil moun kite otorite sa nan men lòt moun epi lè yo rekolte yon bagay ki mal yo pran yo kòm responsab. Olye nou pran lòt moun kòm responsab pou chak fwa nou echwe, nou ta dwe sonde byen tèt nou sou chak desizyon nou pran nan lavi nou epi nou ka wè si nou va soti byen kòm yon bòm wa oswa larèn pou lavi nou oubyen si nou va soti mal tankou majorite wa peyi Izrayèl la. Ann etidye sa nan videyo a

Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l’ te rele Maka, se te pitit fi Absalon. Abijam te lage kò l’ nan fè menm bagay ak papa l’. Li pa t’ sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.

1 Wa 15:1-3

 

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo