SA KI DWAT LA AK SA KI SAN PATIPRI
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Gen anpil moun ki vle lajistis, men yo pa mache dwat. Sa vle di ke yo di yon bagay, men yo fè yon lòt.
Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li. Sòm 11:7
Se yon bagay enposib ou di ou renmen Bondye men anmenmtan ou renmen fè sa ki mal
Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè. Sòm 33:5
Bondye pa gen patipri. Li 100% lajistis ak sa ki dwat epi se sèlman ki fè efò pou viv ak bon jan karaktè sa va wè jan li gen bon kè, yo ap wè epi yo va parèt devan li.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris