thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SA KI DERANJE EVANJELIS LA

Moun ki bon jan evanjelis pa janm asepte wè pép nan soufans lan...

Imagem de capa - SA KI DERANJE EVANJELIS LA

Lè Gerazi, disp pwofèt Elize te resevwa misyon pou l resisite pitit fanm lavil Chounèm lan  (2 Reis 4.29-31), li te ale pou l te ka fè sa, men li pat rezoud anyen. Sa te rive l paske li te gentan pote andan tèt li move entansyon ak dezi pesonèl (2 Reis 5.20-27) se sa ki te fè li atrape maladi lalèp la apre kèk tan. Nan lòt bò a, lè li te al nan chanm kote ti gason an te ye, sitiyasyon sa a te deranje li.

Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Seyè a. Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l’ sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho.  Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l’ al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l’. 2 Wa 4:32-35

Moun ki evanjelis yo, sa vle di, moun ki gen lespri pou evanjelize moun pa santi yo byen lè yo wè soufrans yo. Soufrans pèp la se yon bagay ki deranje yo. Tèlman yo pa renmen gade pèp la nan lenjistis epi sa se rezon ki fè yo chache direksyon Sentespri a afenke yo ka konnen ki sa pou yo fè pou retire moun sa yo nan kondisyon sa. Se sa Bondye vle jwenn andan chak sevitè li yo: Fè moun soti nan wayòm fenwa a epi fè yon antre nan wayòm limyè a ki se Wayòm Bondye.

TANDISKE MOUN KI SÈVI BONDYE PA WÈ SA RIVE YO, YO PA AK KÈ POZE!

Se sa lespri ki nan moun ki fè pati nan Legliz Universal.