Sa a se renmen ki fè nou debarase tèt nou parapò tout santiman ak ilizyon yo...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Jan 14:21-24
« 21 Moun ki asepte kòmandman m’ yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m’ va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m’a renmen l’, epi m’a fè l’ wè mwen.
22 Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l’ konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k’ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?
23 Jezi reponn li: Moun ki renmen m’, se li menm ki va fè tou sa m’ di l’ fè. Papa m’ va renmen l’ tou. Papa m’ va vin jwenn li ansanm avè m’, n’a viv nan li.
24 Moun ki pa renmen m’, li p’ap fè tou sa m’ di l’ fè. Tou sa nou tande m’ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m’ ki voye m’ lan yo soti. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris