thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

RICHÈS KI PAP JANM FINI

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Apre Adan ak Èv tonbe nan peche yo chak resevwa yon madichon ki te soti nan konsèkans atiti yo. Lè sa a, sa ki pou Adan, Bondye te di konsa: « …W’a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv » Jenèz  3:17. Nan lòt mo, nou pap janm resevwa sa nou vle a san nou travay di pou sa, san nou pa swe ak sakrifye pou sa. Sepandan, Dyab la vle kontrarye sa epi li prepare yon pèlen konsa: li ofri opòtinite pou ou koupe chemen an, li ofri ban nou fasilite ki va rann nou yon gwo tèt chaje. Sa se kòm zen nou itilize pou kenbe pwason. Yo pa fè atansyon ak zen an, men li wè yon bon ti manje ki nan li. Ann pwofondi sijè a nan videyo a…

Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Koulye a, se rekonpans mwen m’ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k’ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l’ap bay li. Tout moun k’ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l’ parèt la, va resevwa l’ tou. 2 Timote 4:7-8

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo