thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

REPANTANS x SANTIMAN REMÒ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Repantans lan se pa yon bon lide oswa yon bagay ou genyen nan moman ou vle. Li se yon kado. Se Bondye ki fè nou kado Repantans. Repantans se yon gwo tristès ki frape konsyans sou ke fè ou pran desizyon rekonèt, rayi ak abandone sa ou fè ki mal, Nan lòt bò a, nan santiman remò, ou santi tout bagay sa yo, men ou pa abandone peche, nan lòt mo ou santi ou mal pou yon ti moman, apre kèk ti tan, ou retounen fè sa ki mal ankò.

Sa ki fè ou resevwa padon nan men Bondye a se repantan, paske se pwòp Sentespri a ki fè ou santi ou mal pou sa ou te fè:

Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l’ la, sa chanje kè li pou l’ ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n’ règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l’ la, se touye l’ap touye nou. 2 Korent 7:10

Repantans se yon prensip debaz pou yon moun vin konvèti. Se pou rezon sa a, bat pou ou aplike pawòl Bondye a olye ou sèl chache konesans, bat pou ou resevwa kado sa nan men Bondye. Okontre, malgre plizyè moun mache nan yon legliz ak gen anpil konesans biblik yo, yo prale tou dwat nan lanfè paske yo pa jwenn kado sa ki sèl Bondye kap bay la.

Medite nan vesè ki anba yo:

Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y’ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an. Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou. Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m’ pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m’a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Jeremi 31:18-20

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU SIJÈ A VIN PI KLÈ POU OU…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo