thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

PYÈJ MOVE LESPRI YO

Se pa tout moun ki te gen yon gwo temwayaj, men yo te gen bon jan lafwa ki te fè yo soti kouri pou pèlen Satan yo...

Imagem de capa - PYÈJ MOVE LESPRI YO

Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou! Moun k’ap kouri lè y’a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k’ap moute soti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble. Ezayi 24:17-18

Gen anpil moun ki te simonte laperèz la, yo pat tonbe nan gwo twou a, sepandan yo pat gen lafwa pou pase a kote yon pèlen, paske nou byen konnen ke pou n pa tonbe nan pyèj la, nou bezwen atantif ak veyatif. Malgre kèk moun pat gen yon gwo temwayaj pou rakonte, men yo fè anpil pridans epi yo pat janm tonbe nan pèlen Satan yo.

Gen anpil moun ki vin popilè pami tout kretyen akòz gwo manifestasyon lafwa yo pou konkeri nan lavi a, pwoblèm ki te fè anpil moun sezi yo tonbe devan lafwa moun sa yo. Yo genyen batay kont, pwoblèm finansye yo, nan fanmi, yo pat gen vis ankò, yo resevwa gerizon oswa geri moun atravè bon jan lafwa yo te genyen, men yo pat veye avèk yon move zanmitay, yon fanm kalekò, yon santiman, elòj yo te fè yo epi bagay sa yo te vini yon gwo pèlen ki te fè yo tonbe ladan li.

Nou ka pa tonbe nan pèlen Satan yo si nou veye 24/24

Sa m’ di nou la a, mwen di l’ pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou. Mak 13:37

Senyè Jezi te avèti tout moun: Evèk, pastè, ouvriye, evanjelis, adoratè, minis, dirijan legliz, madanm pas. , selibatè, moun marye yo, manm legliz yo, nan lòt mo, tout moun nan menm sak, annou pridan, annou fè atansyon!