thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

PWOMÈS BONDYE PAPA A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Gen twa aspè tre enpòtan nan sa Jezi te pale disip li yo lè li pre pou l moute nan syèl la:

Yon jou yo t’ap manje ansanm, Jezi ba yo lòd sa a: Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t’ap pale nou an. Travay 1:4

  1. PA KITE LAVIL JERIZALÈM: Tou moun te konnen ke kote pi danjere nan mond lan pou yon moun ki tap swiv deyè Jezi se te lavil sa a, men Senyè a te mande yo sa, pou anseye yo sakrifye lavi yo, pou yo aprann kenbe fèm nan pwomès Senyè a epi si yon moun vle resevwa pi kado Bondye a ki se  batèm nan Sentespri a, yo dwe peye pri a. Se pou rezon sa a, pliske 500 moun tande Jezi lè li te moute nan syèl la, men sèlman 120 moun ki te rete lavil Jerizalèm, ki te obeyi, ki te kouri risk danje pou yo te resevwa pwomès Bondye a anmenmtan ke lòt yo disparèt.
  2. RETE TANN SA PAPA TE PWOMÈT LA: anseye nou pèseverans, kenbe fèm, pa dekouraje. Nan lòt sans, sa Bondye te di li tapral fè a, li va fè li.
  3. KADO MWEN TAP PALE NOU AN: Bondye te pwomèt sa a depi tan lontan nan bouch pwofèt yo. Men kounye a, yo te tande sa nan pwòp bouch Bondye Pitit la. Sa vle di, li dispoze pou tout moun ki vle fè sa li te ban nou kòm kondisyon pou resevwa li.

Ann gade plis sou sijè sa nan videyo a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo