thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

PRIDANS x FOLI

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Sèjousi, gen plizyè moun ki pran desizyon nan lavi yo baze sou emosyon san yo pa okouran ke tout sa nou fè a se kòm yon konstriksyon kote ke youn bati sou wòch la, tandiske lòt bati sou sab la. Li evidan ke youn va kanpe lè tanpèt la vini epi moun ki te bati sou sab la ap desepsyone, paske li va wè tout envèstiman li te fè a tonbe a tè. Kiyès ki plis entelijan? Ki moun ki plis pridan? Kijan m ka pran desizyon m yo, afenke yo ka rann mwen bon rezilta? Ann gade nan meditasyon sa ki va revolisyone fason ou ap pran sa kap fè ou reyisi nan tout domen lavi ou yo.

« Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l’ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch. Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l’ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale. »

Matye 7:24

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo